PESONN P AP RETE DEYÒ…!

Enklizyon se fòs nou, se Renesans nou…!

Nan vizyon Dessalinis Imanis la (Dwat Dessalinis la), yon nasyon pa ka devlope lè li kite yon pati nan pitit li yo sou kote. Yon demokrasi pa vrèman demokratik si tout kategori sosyal yo pa jwenn plas yo nan desizyon k ap fòme avni peyi a.

Pati Politik PARASOL (Patriyòt Rasanble pou Sove Lakay) kwè ke chak Ayisyen, kèlkeswa sèks li, laj li, kondisyon fizik li oswa kote li ap viv, dwe gen dwa patisipe nan konstriksyon Leta ak devlopman nasyonal la.

Se poutèt sa, nan kad pwogram Renaissance (Leave No One Behind), PARASOL pwopoze yon sistèm Kota Reprezantasyon Konstitisyonèl Obligatwa nan Palman Ayisyen an, garanti pa Konstitisyon an epi aplike pa lalwa.

Reprezantasyon garanti

  • 5% pou Moun Andikape yo;
  • 5% pou Dyaspora Ayisyèn nan;
  • 15% pou Jèn yo;
  • 30% pou Fanm yo.

Objektif la se pa kreye privilèj, men korije yon dezèkilib istorik ki te anpeche plizyè kategori sitwayen patisipe efektivman nan lavi politik ak nan gouvènans peyi a.

Poukisa mezi sa a enpòtan?

  • Paske moun andikape yo merite yon vwa dirèk nan enstitisyon Repiblik la.
  • Paske Dyaspora Ayisyèn nan reprezante yon fòs ekonomik, entelektyèl ak estratejik ki dwe patisipe nan desizyon nasyonal yo.
  • Paske jèn yo pa sèlman avni peyi a; yo se fòs kreyatif ak pwodiktif li jodi a.
  • Paske fanm yo dwe jwenn plas ki koresponn ak kontribisyon yo nan sosyete a ak nan devlopman nasyonal la.

Yon demokrasi ki sanble ak pèp li a

PARASOL ap defann yon Palman ki reflete tout reyalite sosyete ayisyèn nan.

Yon Palman ki bay tout sitwayen opòtinite pou yo sèvi peyi a.

Yon Palman ki reprezante tout fòs viv nasyon an.

Yon Palman ki mete diyite moun, jistis sosyal ak inite nasyonal nan sant aksyon politik la.

Angajman PARASOL

Nou pran angajman pou kontinye batay pou yon Ayiti kote:

  • Respè ranplase esklizyon;
  • Jistis ranplase diskriminasyon;
  • Patisipasyon ranplase marginalizasyon;
  • Diyite ranplase mepri;
  • Opòtinite ranplase baryè.

Nan lespri Dessalines, nou kwè fòs yon pèp chita nan kapasite li pou mete ansanm tout pitit li yo pou konstwi yon destin komen.

Pesonn pap rete deyò.

Yon Pèp. Yon Diyite. Yon Destine.

Tout Ayisyen gen plas yo nan Renesans Nasyonal la.

PARASOL  (Patriyòt Rasanble pou Sove Lakay)

Renaissance (Leave No One Behind)…!

Publications similaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *