KASEK 3.0: Nouvo Modèl Gouvènans Lokal pou Renesans Ayiti

Kasek

Lè seksyon kominal yo fò, Ayiti vin pi fò

Pandan plizyè deseni, seksyon kominal yo te rete nan maj politik piblik yo. Malgre yo reprezante premye espas kote majorite sitwayen yo ap viv, travay ak leve fanmi yo, yo twò souvan sibi mank sèvis, mank sekirite, mank resous ak absans yon Leta ki vrèman pwòch pèp la.

Pou Patriyòt Rasanble pou Sove Lakay (PARASOL), chanjman reyèl la pa dwe kòmanse sèlman nan Pòtoprens. Li dwe kòmanse kote pèp la ap viv : nan chak lokalite, chak komin ak chak seksyon kominal.

Lè nou pale de gouvènans lokal, nou pa pale de bèl pawòl nan syèl la. Nou pale de sa ki pral chanje lavi chak Ayisyen nan kwen peyi a.

Se poutèt sa PARASOL pwopoze KASEK 3.0, yon nouvo modèl gouvènans lokal ki mete sitwayen an nan sant aksyon piblik la.

KASEK Renesans lan depase ansyen vizyon administratif la. Li vin tounen yon enstitisyon modèn, efikas, transparan ak responsab ki chita sou twa gwo poto mitan : Sekirite, Administrasyon ak Devlopman Sosyal.

1. Yon Konplèks Administratif nan Chak Seksyon Kominal

Nou pral bati yon konplèks administratif modèn nan chak seksyon kominal pou rasanble sèvis Leta yo pi pre sitwayen yo.

Konplèks sa yo pral genyen:

  • Biwo KASEK yo;
  • Biwo Eta Sivil la;
  • Biwo Polis Seksyon Kominal la;
  • Sant kominotè;
  • Bibliyotèk;
  • Sal fòmasyon ak reyinyon;
  • Espas dijital ak sèvis elektwonik.

Objektif la se pou okenn sitwayen pa bezwen kite kominote li pou jwenn sèvis esansyèl yo.

2. Lwa sou Fonksyon Piblik Teritoryal

PARASOL pral fè adopte yon Lwa sou Fonksyon Piblik Teritoryal pou rekonèt ak pwoteje tout anplwaye kolektivite teritoryal yo.

Yo pral benefisye de:

  • Vakans;
  • Asirans maladi;
  • Pansyon;
  • Pwoteksyon sosyal; 
  • Fòmasyon pwofesyonèl kontinyèl.

Paske moun k ap sèvi kominote yo merite menm diyite ak tout lòt anplwaye Leta yo.

3. Yon Nouvo Lwa sou Envestisman Lokal

Okenn gwo pwojè pa dwe fèt nan yon komin oswa seksyon kominal san pouvwa lokal yo pa patisipe. Nou pral mete an aplikasyon yon kad legal ki egzije kolaborasyon ant Leta Santral, Meri yo ak KASEK yo pou tout gwo envestisman piblik oswa prive yo.

Paske devlopman dwe fèt avèk moun yo, epi pou moun yo.

4. Kreyasyon SEKTPMSK

Nou pral kreye Sekretarya d Eta Kolektivite Teritoryal, Polis Minisipal ak Seksyon Kominal (SEKTPMSK).

Misyon li pral :

• Kowòdone desantralizasyon an;
• Ranfòse kapasite pouvwa lokal yo;
• Sipèvize sèvis yo;
• Defann enterè seksyon kominal yo;
• Asire okenn teritwa pa abandone.

5. Sekirite pou Tout Sitwayen

Sekirite se yon dwa, pa yon privilèj.

Chak seksyon kominal pral genyen yon Biwo Polis Seksyon Kominal (BPSK) ansanm ak omwen trèz (13) Ofisye Polis Seksyon Kominal (OPSK) ki resevwa fòmasyon espesyal nan:

• Prevansyon;
• Medyasyon kominotè;
• Entèvansyon ijans;
• Pwoteksyon sivil;
• Siveyans byen piblik yo.

OPSK yo pral travay nan kowòdinasyon ak enstitisyon sekirite nasyonal yo selon lwa peyi a.

6. Ranfòsman Kapasite KASEK yo

Nou pral bay biwo KASEK yo:

  • Fòmasyon; 
  • Ekipman; 
  • Sipò teknik; 
  • Zouti dijital; 
  • Sistèm jesyon modèn.

Pou yo kapab sèvi popilasyon an avèk efikasite ak transparans.

7. Finansman Dirab pou KASEK yo

Chak ane, chak biwo KASEK pral resevwa yon alokasyon 15 milyon goud pou :

  • Fonksyònman; 
  • Antretyen; 
  • Ti envestisman kominotè; 
  • Repons rapid fas ak ijans lokal yo.

Fon sa yo pral sijè a odit regilye ak mekanis transparans piblik.

8. Salè pou OPSK yo

Chak Ofisye Polis Seksyon Kominal pral touche 43 000 goud chak mwa; moun k ap riske lavi yo pou pwoteje kominote yo dwe kapab viv avèk diyite.

9. Alokasyon pou ASEK yo

Chak manm Asanble Seksyon Kominal (ASEK) pral resevwa 100 000 goud pou chak seyans. Pral genyen twa (3) seyans òdinè chak ane. Sa se yon rekonesans pou tan ak sèvis yo rann kominote a.

10. Salè pou Manm KASEK yo

Chak manm KASEK pral touche 53 000 goud chak mwa; Sèvis piblik mande disponiblite, estabilite ak responsablite.

11. Yon Ekip Administratif Solid

Chak biwo KASEK pral genyen:

• Yon Sekretè;
• Yon Asistan Sekretè;
• Yon Kontab;
• De (2) Mesaje;
• De (2) Ajan Sekirite.

Yon ekip pwofesyonèl pou garanti bon jan sèvis.

12. Demokrasi Patisipatif ak Konsèy Konsiltatif Sitwayen

Youn nan pi gwo inovasyon KASEK 3.0 se patisipasyon dirèk sitwayen yo. Fanm, jèn, peyizan, òganizasyon lokal ak dyaspora seksyon an pral gen yon espas konsiltatif pou :

  • Fè pwopozisyon; 
  • Evalye aksyon yo; 
  • Patisipe nan planifikasyon;
  • Swiv aplikasyon desizyon yo.

Paske demokrasi pa dwe limite ak jou eleksyon yo. Li dwe viv chak jou.

13. Transparans ak Meritokrasi

Pou evite politizasyon ak kliyanis, PARASOL pwopoze:

• Rekritman sou baz merit;
• Evalyasyon pèfòmans;
• Odit endepandan;
• Rapò piblik anyèl;
• Siveyans sitwayen yo.

Paske bon gouvènans mande konfyans ak rann kont.

Yon Nouvo Kontra Sosyal

KASEK 3.0 se pa sèlman yon refòm administratif.

Se yon nouvo kontra sosyal ant Leta ak sitwayen yo.

  • Yon Leta ki pwoteje.
  • Yon Leta ki sèvi.
  • Yon Leta ki bay pouvwa kominote yo.

PARASOL kwè yon Leta solid bati sou kominote solid. Lè seksyon kominal yo fò, se Ayiti ki vin pi fò. Lè Leta rive pi pre pèp la, se devlopman ki pran rasin. Lè sitwayen yo jwenn plas yo nan desizyon piblik yo, se konfyans ki retounen.

Nou pa fè politik pou fè bèl diskou. Nou fè politik pou chanje lavi moun.

  • Nou gen vizyon.
  • Nou gen plan.
  • Nou gen kouraj pou aji.

Sa se yon pati nan gwo pwogram PARASOL la ki rele RENESANS, yon vizyon holistik enspire pa Desalinis Imanis.

DESALINIS IMANIS AK RENESANS

“Pa kite pèsonn dèyè, epi ki rezime nan 13 kòmandman yo.”

Paske lè seksyon kominal yo leve, se komin yo ki leve. Lè komin yo leve, se Ayiti k ap renèt.

Pou plis enfòmasyon sou vizyon ak pwogram PARASOL yo, vizite:
www.parasolhaiti.org

#KASEK30
#GouvènansLokal
#RenesansAyiti
#DesalinisImanis
#PARASOL
#OkennMounPapReteDèyè

Publications similaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *